Son manifestasyon kont Minis Afè Etranjè gouvènman restavèk Ariel Henry a, Jean Victor Geneus, ki t ap pale nan LONI samdi swa 6pm

Nou salye fanmi k ap koute yo

Ti koze ak frè nou Yves Raymond sou selebrasyon ki te fèt nan legliz Sent Terèz Davila nan Brooklyn nan yè dimanch 25 septanm nan pou onore defen Pè Jean Yves Urfié

Nou pase ti moso nan dokimantè Pè Urfié te fè an 2020 ki rele: Èske Vodou se Satan? (https://www.youtube.com/watch?v=QuFGRs55B9I)

Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines

Nouvèl: -Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn -"Attorney General" eta NY la Letitia James asiyen Trump, biznis li yo, ak fanmi li - plis mannèv Pati Demokrat la pou yo chache elimine Donald Trump sou teren eleksyon -Pastè Meriken Russell Cephas ki di l fè 11 an ap fè misyonè ann Ayiti di l t ap mouri si l pa t gen bon pye; Li di Ayisyen lage yon lapli biskuit leta nan dengwenn li paske l t ap pale Vodou mal -Komedi NY Post kòmkwa Biden ta fè dil ak Ariel pou kore pouvwa l toutotan l pèmèt li depòte kantite Ayisyen li vle -Editoryal Washington Post

Liy ouvè ak oditè yo