Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Anons: -Vandredi Anba Tonnèl pou 19 out 2022 -Manifestasyon KOMOKODA anonse pou mèkredi 31 out 2022, 3pm-6pm, kont Etazini ak Nasyonzini pou denonse politik yo ki lakòz jenosid, lamizè, ak ekzòd nan peyi nou

Nouvèl: -Nasyonzini debake 12 cha blende ann Ayiti; Li di yo pa la pou konbat ensekirite -Deklarasyon Konsèy Sekirite LONI lage sou dosye Ayiti a lendi yè a -4 depite Ameriken ki nan sa yo rele "Haiti Caucus" la ki ekri Joe Biden pou mande l nome yon Anvwaye Espesyal pou ranplase Daniel Foote -Donald Trump mennen yon kanpay ki rive elimine Liz Cheney ki se pi gwo lènmi Repibliken li nan Chanm Depite Meriken an -Leta Ayisyen bay konpayi entènèt Elon Musk la ki rele Starlink lese pase pou l koumanse pwojè pilòt nan peyi a

Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou 135yèm anivèsè Marcus Garvey jodi a ki se yon jou sakre nan kalandriye UNIA (Universal Negro Improvement Association)