Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Mobilizasyon pou 32yèm Seremoni Bwa Kayiman Fanmi Granbwa ap òganize nan Prospect Park nan Brooklyn nan samdi 13 out k ap vini an

Remèsiman pou fanmi ki te bay kontribisyon yo nan konbit nou te fè semèn pase pou emisyon an

Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 5 out 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent

Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines

Refleksyon nou nan kad 77yèm anivèsè jenosid Meriken te fè 6 out ak 9 out 1945 kote yo te lage bonb atomik sou Iwochima ak Nagasaki ki lakòz lanmò prèske yon milyon moun; zak ki touye plis moun yon sèl kou nan listwa moun ke nou konnen

Nouvèl: -Gwo eksplozyon nan espas kote yo stoke luil nan Matanzas nan Kiba -Yè dimanch 7 out la peyi Kolonbi selebre 203yèm anivèsè nesans peyi a epi inogirasyon Prezidan Gustavo Petro ak Vis Prezidan Francia Marquez -Izrayèl fè 3 jou l ap bonbade Gaza; Palestinyen yo ap defann tèt yo jan yo konnen, jan yo kapab -Tribinal nan Larisi kondane jwè baskètbòl Brittney Griner pou l pase 9 lannen nan prizon dèske l te rantre nan peyi a ak dwòg nan malèt li; Gen yon mouvman k ap mande pou Larisi ta ofri Meriken Griner ann echanj pou Julian Assange -Popilasyon nan Kongo kontinye mobilizasyon yo pou yo mete misyon Nasyonzini ki rele MONUSCO a deyò nan peyi yo

Liy ouvè ak oditè yo

Plis nouvèl: -Lapolis Ayiti fè konnen se ta Gang Ti Makak ki ta touye ansyen senatè Lavalas Yvon Buisreth ak neve madanm li ki t ap kondi machin nan nan Laboul 12 epi mete dife nan machin nan -Bank Mondyal lage 66 milyon dola vèt nan men Ariel Henry pou l kontinye fè sa l ap fè a jan l ap fè l la -Kore Dinò ofri Larisi 100,000 sòlda kòm volontè si l ta bezwen yo -Sou vizit Nancy Pelosi nan Taiwan nan -Attorney General nan Colorado anonse yo enkilpe yon Ayisyen ki rele Peniel Olibris ki dèske l ta voye zam nan peyi D Ayiti -Samir Handal ki te nan prizon nan peyi Tiki finalman rantre lakay li Ozetazini

Anons