Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Konpatriyòt Roland Sainristil, manm Kowòdinasyon Fanmi Lavalas nan NY ansanm ak nou pou n lanse manifestasyon Fanmi Lavalas NY ansanm ak KOMOKODA ap fè lendi 17 oktòb nan Brooklyn nan pou n pote sipò Ayisyen nan zòn NY la ak pèp Ayisyen an k ap goumen anndan peyi nou

Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista

Nouvèl: -OPEC dakò pou diminye pwodiksyon luil yo 2 milyon baril chak jou soti mwa novanm nan rive desanm 2023 -Etazini ak Koredisid tire misil pa yo; Yonn nan misil Koredisid yo pati mal -Li ta parèt kolera ta retounen nan peyi a -Montana denonse Kò Gwoup ak Ariel ki vle bay lit popilè a yon pakapala; Pou di se pa Montana ki limenm soti pou redefini sa lit popilè a vle di

Anons