Dragon 7 tèt la gen pwoblèm; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Nouvèl Ayiti; Liy ouvè ak oditè yo; Anons


Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Konbit pou radyoton Radio Omega SCA

Ti fikilte ak dragon 7 tèt la:
-Ki tèt k ap alatèt?
-Kouman enstalasyon an pral fèt epi ki kote?

Yon gwoup òganizasyon Ayisyen nan dyaspora a ap kriye pou ti moso nan gato a

Rankont Ayisyen nan Inivèsite Harvard pou bwase koze sou sitiyasyon Ayiti a

Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph: Ranmase li sou patisipasyon l nan 3yèm rankont Nasyonzini sou dosye Afrodesandan yo nan Jenèv

Yon gwo avyon manman pemba lame Meriken ateri nan ayewopò Potoprens lan

Nou pase ti moso nan entevyou Roody Sanon (Radio Ibo - Ki Sa Nou Vle) 16 avril 2024 ak avoka Sonet Saint Louis

Nou pase deklarasyon sè nou Jennie-Laure Sully, manb Solidarite Quebec-Haiti te fè nan rankont Jenèv la

Gang G9 ak Viv Anasanm kidnape Terminal Varreux; Nou ankouraje oditè yo rele biwo Haiti Liberté nan 718-421-0162 pou mande yo rele Babekyou pou l libere Varreux

Gen yon Ayisyèn nan zòn NY la ki ekri WBAI pou pote plent pou Dahoud k ap trakase yon blan k tèlman bon epi k tèlman renmen Ayiti lè l gade asasen kriminèl ki rele Babekyou a li wè yon revolisyonè

Liy ouvè ak oditè yo

Anons