Segman Imigrasyon ak Taina Exant, Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...


Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Segman Imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen

Nouvèl:
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn; Zelensky mande anraje poutèt Lepap di li ta bon pou l ta bay legen epi negosye ak Putin
-End anonse li devlope teknoloji k ap pèmèt li tire yon misil nikleyè ki ka pote plizyè tèt bon k apral nan diferan direksyon
-Dènye nouvèl sou dosye Ayiti a: Tanbou a ap bat nan laprès entènasyonal pou konvènk tout moun sèl espwa pou Ayiti se plan Meriken an; Deblozay pete nan mitan akò akòkò Meriken-CARICOM sou Ayiti a; Meriken voye kantite sòlda nan peyi a pandan senaryo a peyi kraze a kontinye ap vale teren

Liy ouvè ak oditè yo

Anons