Diplis sou rapò Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen pibliye madi a; Dènye nouvèl nan dosye Kenya a; Izrayèl pran nan bay manti ... **Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Mobilizasyon pou Town Miting KOMOKODA pral fè dimanch 19 novanm, 4pm-7pm nan lokal Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd nan Brooklyn nan

Mobilizasyon pou 16yèm pelerinaj n apral fè nan Jounen Nasyonal Dèy endijèn yo nan Plymouth, MA jou "Thanksgiving" nan

Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Detay sou rapò sou diskriminasyon imigrasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen ak òganizasyon "Take Root Justice" pibliye madi a

Nouvèl:
-Asanble Nasyonal Kenya apwouve pwojè okipasyon degize ann Ayiti a
-Opiyo Wandayi ki se chèf pati minoritè nan Asanble Kenya a mete prezidan peyi a ak patizan l yo toutouni pou koripsyon ak vyolasyon lwa peyi a nan dosye Ayiti a
-Tribinal Kenya ranvwaye dosye Ayiti a pou 26 janvye 2024
-Izrayèl demaske pou zam li mete anndan lopital al-Shifa pou l jistifye masak li fè anndan lopital sa a

Liy ouvè ak oditè yo
Anons