Mobilizasyon pou n al kontre ak Wiliiam Ruto ak madanm li nan Washington; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines; Levanjil Liberasyon ak Prens Tiecoura; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...


Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Mobilizasyon pou manifestasyon Washington jedi 23 me kont prezans prezidan Kenya a William Ruto ak madanm nan k aprale nan mezon blanch

Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines

Anons

Nouvèl:
-Ti komik Gregory Meeks ki se yon depite nwa Meriken ap fè mannèv pou esklav William Ruto ta pale devan asanble senatè ak depite Meriken yo etan l isit nan Mezon Blanch la
-Peyi Suriname anonse l ap voye sòlda peyi li nan lòbèy Kenya a
-Gouvènman Meriken an anonse li voye $60 milyon materyèl milite pou sipòte misyon Kenya a; Yo tou anonse yo deja genyen "contractors" ak sòlda Meriken k apral antrene polis ak militè misyon Kenya a
-Pale anpil ant kòken konsèy prezidansyèl yo; Minorite pèdan an fache kou kong epi yo pwopoze olye se 4 sou 7 ki ta konstitiye yon majorite, fòk se ta 5 sou 7-Chif Ayisyen k rantre nan pwogram Biden nan kontinye grandi; Gwo kesyon an se ki avni yo
-Apre eleksyon k fèt yè a, peyi Panama gen yon nouvo Prezidan k pral pran pouvwa nan mwa jiyè k ap vini an Liy ouvè ak oditè yo Anons