Aba Al Sharpton ak restavèk Ayisyen yo k ap ede Etazini domestike Ayiti; Repòtaj Kay Vwazen Kiba; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...


Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Enpòtans pou kominote nou an kanpe anfas Al Sharpton ak lòt restavèk yo nan kominote a ki pran pòz y ap sipòte pèp Ayisyen an pandan se politik gouvènman Meriken an pou domestike peyi nou y ap kore

Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Festival Kiba Kreyòl ap fèt Premye pou 4 out 2024 la

Nouvèl:
-"Ruto Must Go!" Manifestasyon gaye nan Kenya pou bloke politik FMI Ruto soti pou aplike nan Kenya
-Cyril Ramaphosa inogire pou yon lòt manda nan Afrikdisid apre ANC fè yon alyans ak pati Alyans Demokratik ki reprezante blan rasis yo nan peyi a
-Depi yè Putin ap vizite peyi Koredinò

Liy ouvè ak oditè yo

Anons