Se kòmkwa anpil anpil Ayisyen ta pare pou ba Ayisyen k pa dakò Kenya ateri yo Bwa Kale, ou kwè se vre?; Repòtaj Kay Vwazen Kiba; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...


Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Refleksyon nou sou yon entèvyou nou te bay Valerio St Louis (VOA Kreyòl) nan non KOMOKODA pou denonse okipasyon Meriken peye Kenya pou l fè a ak apatrid Ayisyen yo ki kore okipasyon an epi Ayisyen ki ekri gwo jouman pou denonse pozisyon nou pran an

Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Ti koze ak konpatriyòt Yvon Lamour ki se yon manm Akademi Kreyòl Ayisyen

Nouvèl:
-Dosye legal Julian Assange nan fèmen; Msye nan wout pou l al rejwenn fanmi li lakay nan Ostrali
-Depite Meriken Nwa Jamaal Bowman pèdi "Primary" pati Demokrat la yè apre fòs ekonomik nan kominote juif la depanse plis pase 14 milyon dola pou "revoke" msye

Liy ouvè ak oditè yo

Anons