Meriken deplase ak tchoul yo Garry Conille san yo pa avèti tchoul yo ki nan Dragon 9 Tèt la: Tchoul restavèk vle fache men yo pa gen dwa sa a; Repòtaj Kay Vwazen Kiba; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...


Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Refleksyon nou sou virewon Garry Conille Ozetazini; Dragon 9 tèt la move paske Conille pa t avèti yo pou yo te gen tan pase l lòd; Meriken di ti komik yo "POZE"

Konsèy Sekirite Nasyonzini reyini sou dosye Ayiti maten an

Politisyen tout plim tout plimay ak jounalis rat do kale pwenti nan Anbasad Meriken yè madi a pou al selebre 4 jiyè

Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Ti koze ak konpatriyòt Yvon Lamour ki se yon manm Akademi Kreyòl Ayisyen

Nouvèl:
-Bri ap kouri se kab Kamala Harris k ap ranplase Joe Biden
-Siklòn Beryl kontinye ap fè dega; Gwo menas pou Jamayik

Liy ouvè ak oditè yo

Anons