Entèvyou ak Micherline Islanda Aduel manm Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen sou 37yèm anivèsè Masak Janrabèl la; Refleksyon Jean Claude Martineau (Koralen) sou fòs ak pouvwa pwopagann; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons


Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Jodi a fè 37 lannen depi Masak Janrabèl la; Nou jete dlo pou viktim yo

Ti koze ak Micherline Islanda Aduel ki se manm Kòdinasyon Jèn nan Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen

Refleksyon Jean Claude Martineau (Koralen) sou fòs ak pouvwa pwopagann

Nouvèl:
-Apre gwo presyon li pran anndan chanm depite Meriken an alatèt ajans sèvis sekrè a rekonèt enstitisyon an te mal aji nan ensidan kote Donald Trump manke mouri samdi 13 jiyè a epi li deside bay demisyon li
-Deblozay pete nan palman CEDEAO samdi a lè Depite Senegal la Guy Marius Sagna koumanse denonse loksidan ki apovri Lafrik ak kolaborasyon chèf deta Afriken restavèk yo epi Depite Kot Divwa a Adjaratou Traore leve kanpe mande goumen pou defann tchoul yo
-Anbasadè Meriken nan LONI an Linda Thomas-Greenfield ateri Ayiti yè lendi a pou l al kore okipasyon Kenya a ak Gary Conille

Anons

Mèsi Papa Desalin - Feliks Moriso Lewa

Liy ouvè ak oditè yo

Anons