Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Mobilizasyon pou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park la k ap fèt samdi nan Brooklyn nan; Nouvèl; Anons ...
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park la k ap fèt samdi nan Brooklyn nan
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen Pou Refijye Ayisyen: Detay sou kanpo Meriken mete "Pwogram Biden" nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Nouvèl:
-Dènye nan 7 atlèt ki te patisipe nan jwèt olenpik 2024 yo anba drapo Ayiti yo elimine jodi a
-Pati Demokrat Meriken an chwazi Gouvènè Minnesota a Tim Waltz kòm kandida Vis Prezidan yo akote Kamala Harris
-Bankye Grameen Bank Mohammed Yunus prete sèman kòm nouvo dirijan peyi Bangladesh
Pawòl k ap fè bri nan kominote a se lajan Michel Martelly ap gaspiye nan kominote a pou l ka retounen vin ouvè kò l nan Labor Day sou Eastern Parkway; Tanpri rele 3 lidè "Ayisyen" yo nan City Council la epi mande yo pou yo pran mikro yo pou yo di PIBLIKMAN sa yo di nan sa:
-Mercedes Narcisse: 718-241-9330-Rita Joseph: 718-287-8762-Farah Louis: 718-629-2900