Finalman rapò vòt tout 50 eta Etazini yo pibliye; Yon lòt fwa ankò Garry Conille tonbe kòm Premye Minis; Alix Didier Fils-Aimé ap prete sèman pou ranplase l; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nou salye memwa frè nou Nickel Luma ki fè travèse li; Liy ouvè ak oditè yo; Nouvèl ...


Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Finalman tout vòt nan tout eta Etazini yo fin konte nan eleksyon 5 novanm yo; Donald Trump rive sou 312 vòt elektoral

Garry Conille ak gouvènman l nan tonbe; Alix Didier Fils-Aimé nan Villa D'accueil pou enstalasyon

Sou prezidans Donald Trump an 2017 Mumia Abu Jamal te di nou se kanpe goumen li ye

Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines

Anons
-Manif KOMOKODA devan Konsila Dominikèn nan Times Square Manhattan mèkredi 13 novanm

Nou jete dlo pou salye frè nou Nickel Luma, manm KOMOKODA, ki fè travèse li vandredi swa

Liy ouvè ak oditè yo

Nouvèl
-Ayewopò Tousen Louvèti fèmen apre avyon Spirit rapòte gen katouch ki touche yon avyon yo k t apral ateri
-Nouvèl fèk tonbe pou di Alix Didier Fils-Aimé fèk rive nan Villa d'Accueil pou l prete sèman; Enfòmasyon ki pibliye sou ki moun Fils-Aimé ye
-Richard Morse anonse djaz RAM pa egziste ankò
-Tanpri pran prekosyon ak malatchong k ap sikile kòmkwa peyi Brezil ta genyen yon nouvo program tankou pwogram Biden nan pou Ayisyen

Liy ouvè ak oditè yo

Anons