Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Teworis yo anvayi Mibalè lannuit la, Ki sa n ap fè ak sa? Levanjil Liberasyon ak Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Mizik liberasyon; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...


Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Refleksyon nou sou atak teworis yo ap fè jodi a nan Mibalè epi enpòtans pou tout moun mete men nan konbit pou elimine prezans yo nan peyi a; Fò nou sispann tann lènmi nou yo ak restavèk yo pou vin sove nou

Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines

Mizik liberasyon

Liy ouvè ak oditè yo pou ankouraje fanmi an anndan kou deyò angaje

Ranmase sou ti moso nan entèvyou Ayibopost ak Dr. Leslie Alexander (Fear of a Black Republic) nou te pase nan emisyon Haiti: Our Revolution Continues nan WBAI samdi a

Anons