Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Sis Betty Davis sou fundraiser Ralph Poynter a; Fòs ak Kouraj pou frè nou Manno Louizaire; Anons; Levanjil Liberasyon ak Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Ti koze ak Taina sou Trump ki di l ap voye moun Biden yo ale nan yon mwa ...


Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Ti koze ak Sister Betty Davis k ap remèsye kominote a pou sipò yo nan fundraiser Ralph Poynter a ki te fèt samdi 22 mas la

Nou denonse Margaret Kimberley nan Black Agenda Radio ki wete non Kim Ives, Dan Cohen, ak Travis Ross nan bouch Dahoud nan yon entèvyou li pase jedi pase nan tantativ li pou pwoteje 3 blan sa yo k ap sipòte gang k ap teworize pèp Ayisyen an

Nou pase dènye edisyon "Pawòl Bosal" kote frè nou Manno Louizaire anonse l ap suiv tretman pou kansè; Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou frè nou ak fanmi li epi nou ankouraje kominote a pou kore fanmi an ak depans yo ki anpil anpil:
https://www.gofundme.com/f/support-manno-louizaires-battle-with-cancer?qid=b775fa8f38b6c9210a2bf6794fa68430

Nou swete frè nou Phito Estimable nou t al ede l selebre anivèsè nesans li yè dimanch la yon Bòn Fèt epi anpil anpil sante

Anons

Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines

Segman espesyal sou desizyon ekip Gwo Moso a pou elimine pwogram "Humanitarian Parole Biden" nan 24 avril 2025 ak sè nou Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen

Liy ouvè ak oditè yo

Anons