Ranmase ak son manifestasyon KOMOKODA fè devan Fondasyon Clinton yè; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Lesly "ALBA" Voltaire boude inogirasyon Prezidan Venezyela a , Nicolas Maduro; Anons ...


Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Ranmase ak son manifestasyon KOMOKODA fè devan Fondasyon Clinton yè dimanch 12 janvye a pou make 15 lannen depi Goudougoudou k frape lakay nou

Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines

Ti koze ak konpatriyòt Wilguens Dort k ap viv nan peyi Tiki sou yon frè nou ki rele Dorcil Elfond ki fè travèse li yè dimanch lan

Malgre li te fè je l chèch pou l mande ALBA soutyen militè ak ekonomik pou Ayiti, ti tchoul Lesly Voltaire ki se reprezantan Fanmi Lavalas ki alatèt dragon 9 tèt Meriken-CARICOM nan pa t gen kouraj pou l al nan inogirasyon Nicolas Maduro nan Venezuela

Anons