Seremoni lantèman Jimmy Carter ap dewoule depi samdi (Ki ès li te ye?); Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; 1pm-4pm dimanch 12 janvye, Manif KOMOKODA devan Fondasyon Clinton nan Manhattan; Liy ouvè ak oditè yo ...


Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Seremoni lantèman ansyen prezidan Meriken Jimmy Carter ap dewoule depi samdi; Ki ès li te ye?

Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines

Nouvèl:
-Lavil New York lanse peyaj frè anbouteyaj pou machin ki rantre Manhattan anba 60th Street
-Palmantè Meriken yo ak Vis Prezidan Meriken an Kamala Harris sètifye Donald Trump kòm moun ki eli prezidan nan eleksyon Meriken mwa novanm nan
-Premye Minis Kanada Justin Trudeau demisyone jodi a
-150 sòlda Gwatemala ak 8 sòlda El Salvador ateri nan yon avyon "Air Force" Meriken pou vin gonfle okipasyon "Black Face" Meriken an lakay nou
-Joe Biden medaye Hillary Clinton epi l deside voye 8 milya dola zam ak minisyon ba Izrayèl anvan l renmèt Donald Trump prezidans Etazini an

Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA pral fè 1pm-4pm, dimanch 12 janvye k ap vini an devan Fondasyon Clinton, 55 W 125th St nan Manhattan

Liy ouvè ak oditè yo

Anons