Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Ayibobo pou fanmi k te vini pote kole nan manifestasyon KOMOKODA Vandredi apremidi epi sa k te vini patisipe nan Town Meeting nan yè apremidi

Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl

Son nan manifestasyon KOMOKODA pou n sipòte ouvriye yo k sou beton an lakay ap batay pou ajisteman salè yo

Nouvèl: -Ti komik Ariel Henry kontinye ap flannen; Soti nan CARICOM l ale nan inogirasyon Gabriel Boric nan Chili -Dènye nouvèl ki soti nan lagè Etazini ak Larisi k ap fèt nan Ikrèn nan

Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba

Nouvèl: -Dènye nouvèl ki soti nan lagè Etazini ak Larisi k ap fèt nan Ikrèn nan -Yon lòt Pastè kadejakè Meriken ki di l t al fè zèv Ayiti anba kòd pou zak malfezans sou timoun Ayisyen

Ti moso nan diskou Titid nan 4yèm gradyasyon elèv UNIFA yo

-Alatèt konpayi Pfizer a Albert Bourla ap bat tanbou pou yon 4yèm dòz vaksen kovid la -Responsab RNDDH Pierre Esperans fè konnen 6 moun ak gwo zam nan men yo lapolis arete semèn pase a ki travay nan Sèvis Entelijans Nasyonal Jovenel la (SIN), anmenm tan se manm gang Tibwa (G9) -Ansyen Prezidan peyi Brezil la, Dilma Rousef, di sa k ap fèt nan Ikrèn jodi a se konsekans koudeta Meriken te fè nan peyi sila a an 2014 epi se yon gè pou fini nèt ak mond yon sèl tèt anba lobedyans Meriken an -Larisi denonse prezans laboratwa biyochimik Meriken nan Ikrèn

Liy ouvè ak oditè yo