Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou salye Rose Marie Pierre nan Granrivyè dinò ak Madam Marie Fevry bò isit la ki tou ap selebre anivèsè nesans yo dimanch k ap vini an 

Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt madi pwochen 29 mas, 3-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI

Repòtaj anndan chanm kay peyi a ak frè nou Wilner Altidor

Nouvèl: -Kolektif 4 Desanm anndan peyi nou lanse apèl pou yon gwo manifestasyon Madi 29 mas la -Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi -Gadkòt Meriken anonse yo rapatriye anviwon 200 Ayisyen yo te arete nan batiman kanntè tou pre Mòs Sen Nikola samdi pase -Apre kout kòlè Jean Marie Altema a, Jean Marie Guillaume, yon lòt ansyen direktè CONATEL limenm tou li demanti rapò Fondasyon Je Klere sou PSUGO a; Li di se pa li k vòlè dola senkant ak 5 santim chak minit dyaspora a; N ap mande si se pa yo, se ki ès ki vòlò lajan an?

Liy ouvè ak oditè yo

Anons