Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Mobilizasyon pou "Town Meeting" KOMOKODA ap fè samdi 23 avril 2022, 6pm sou dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la nan Legliz Batis Dizrayèl ki nan 1377 Rogers Ave (Kwen Farragut Rd.) nan Brooklyn nan

Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 15 avril 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent

Ti koze ak frè nou Profesè Asselin Charles sou eksperyans li ak Rara nan Yoruba nan Nijerya epi nou tou pwofite fè ti koze sou reyaksyon Lachin anfas lagè k ap bwase nan Ikrèn nan

Nouvèl: -Jodi 18 avril 2022 a se jou limit pou moun k ap viv isit Ozetazini ranpli papye enpo yo; Pi fò lajan enpo moun isit peye ale pou achte zam pou chèf peyi a yo enpoze volonte yo sou rès mond lan -Ansyen Premye Minis Pakistan an ap fè gwo virewon atravè peyi li pou ankouraje pèp la kanpe pou defann souvrènte li -Aksidan machin fè mikalaw pandan semèn sila a -Gadkot Meriken di li bloke yon batiman ak 82 refijye Ayisyen ak Kiben tou pre peyi Bahamas epi renmèt yo bay otorite Bahamas -Gouvènè Texas la ap ekzekite menas li te fè pou voye otobis plen migran san papye nan Washington pou pwoteste kont nouvo politik imigrasyon Joe Biden nan -Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi -Pou yon twazyèm fwa Meriken mare Jean Eliobert Jasmin alyas Ed-One, mennen l vin jije Ozetazini pou trafik dwòg -"Fondasyon Zile", ansyen minis dyaspora Edwin Paraison ap dirije ap selebre semèn dyaspora nan Repiblik Dominikèn ak gouvènman Ariel Henry a

Liy ouvè ak oditè yo