Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nouvèl: -Lapolis arete yon endivide ak zam devan kay jij Lakou Siprèm Meriken Brett Kavanaugh -Karavàn plis pase 6,000 refijye ki soti nan plizyè peyi kite Tapachula pran wout pou fwontyè Etazini an -Diplis sou rankont peyi zanmi Etazini nan Amerik la yo k ap fèt nan Los Angeles -Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi

Repòtaj kay vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nou pale ak Hilario sou istwa lavi pa li ak lavi fanmi li

Nouvèl: -Etazini fè mannèv pou bloke Rankont Pèp yo nan Amerik la k ap fèt anfas rankont gwo peyi yo -Plis nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi -Angletè anonse pwogram pou l voye refijye Afriken ki vini lakay li pou mande azil nan peyi Rwanda -6 atlèt Ayisyen ki te vini Florid pou patisipe nan "Special Olympics" yo pran lyann -Gen 5 Ayisyen ki nan men imigrasyon peyi Antigua disparèt

Nou pase vwa Nelson Mandela k ap esplike Meriken ak bizawèl li yo pou ki sa l ap toujou kanpe akote Arafat, Kadafi, ak Fidel Castro

Nou pase istwa "Twa Pa" Jean Claude Martineau (Koralen) ekri

Plizyè jounalis etranje ekri yon lèt tou louvri ba NY Times pou yo di se peyi a ki te leve kont Prezidan Aristide, se pa t konplo Lafrans ak Etazini ki voye l ale

Liy ouvè ak oditè yo