Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 17 jen 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent

Ansyen geriya lagoch Gustavo Petro ak militan Afro-feminis Francia Marquez rapòte laviktwa nan dezyèm tou eleksyon pou prezidan ak vis prezidan peyi Kolonbi

Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines

Ti koze ak Roosevelt Renois "Coach Rossy" sou pwogram foutbòl "Soccer for All" k ap fèt pou timoun 5an rive 17an nan Canarsie pandan ete a

Nouvèl: -Inondasyon nan Gonayiv ta lakòz jiska 3000 fanmi nan lari 2 bra balanse -Nou salye fanmi nan Brockton, MA yo ki reyise bloke bal Martelly ki te anonse nan zòn sa a pou 2 jiyè -Pil reyinyon nan Nasyonzini pou zòt rive nan pwolongasyon misyon BINUH nan peyi nou

Bri k ap kouri nan lari a kòmkwa Core Gwoup ta ofri Prezidan Aristide pouvwa tranzisyon pou 2 lannen; Manifestasyon anfavè Prezidan Aristide kòm Prezidan pwovizwa nan vil Okay; Nòt pou laprès Fanmi Lavalas ki salye manifestan Okay yo epi ki mande rès peyi a leve kanpe

Liy ouvè ak oditè yo