Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou salye gwoup "Concerned Citizens of Massachussetts" ki ekri majistra lavil Brockton yon lèt pou mande li deklare Michel Martelly "Persona Non-Grata"

Repòtaj kay vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Hilario te genyen ti frè li Juan Batista Felix kòm envite

Nouvèl: -Yon foul rasis Dominiken ki te genyen 3 sòlda lame Dominiken nan mitan yo touye yon Ayisyen epi boule 8 kay Ayisyen k te gen tan chape poul yo nan yon zòn ki rele La Rosa nan pwovens Bahoruco -Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi -Moun ak zam nan zòn Matisan tire sou yon otobis ki t ap soti Pò Sali - 3 inosan blese -Joe Biden ekri alatèt plizyè gwo konpayi ponp gaolin nan peyi a pou di yo wotè pri gaz la monte nan lari a pa koresponn ak nivo li monte nan mache entènasyonal la

Liy ouvè ak oditè yo