Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ti koze ak frè nou Matyas Dandor sou jan l ap gade peyi a epi sou jwèt ti komik k ap fèt pou yo fè asasen, vòlè, apatrid Jovenel Moise pase pou yo ewo nasyonal epi kadre l akote Janjak Desalin
Nou pase pyès "Machann Mikro" Matyas fèk mete deyò nan seri videyo li rele Ayiti lanvè
Nouvèl: -Joumou pa donnen kalbas: Masak, tire, lòbèy, briganday plizyè kote Ozetazini ki soti pou gate fèt lendepandans yo -Konsèy Sekirite LONI anonse se 13 jiyè k ap vini an l apral bay dizon li sou renouvèlman BINUH a -Rankont Minis Afè Etranjè Larisi Sergei Lavrov ak Minis Afè Etranjè Venezyela Carlos Faria kote yo anonse 2 peyi yo ap kontinye mache men nan men -Manifestasyon nan Angletè sou pri gaz ak dizèl k ap grenpe nan wotè popilasyon an pa ka sipòte -Peyi LOTAN yo bay dizon yo pou aplikasyon Finlann ak Lasyèd vanse -Nan yon entèvyou jounal anliy Rezonòdwès pibliye madanm Samir Handal anonse peyi Latiki libere mari li -Nou panko jwenn lis apatrid Ayisyen ki t al nan manje poul boukannen ak òtdòg nan babekyou 4 jiyè nan Anbasad Meriken yè lendi a -Jounal Nouvelliste pibliye yon entèvyou ak nouvo jij ki sou dosye ti vòlè apatrid Jovenel Moise la, Walter Wesser Voltaire, kote msye di menm si nou pa tande bri li l ap travay -Prezidan Ikrèn nan Volodimyr Zelensky di l ap bezwen 750 milya dola vèt pou rekonstriksyon peyi li epi l mande peyi ki sezi byen Larisi yo pou yo tou koumanse fè l jwenn lajan sila yo
Liy ouvè ak oditè yo