An Nou Grandi Ansanm: Recent Episodes

Garry Moïse

Personal Growth and Leadership Development ideas and thoughts presented in Haitian Creole by Garry Moïse.

Des idées et des réflexions importantes sur la Croissance Personnelle et le Développement du Leadership présentées en Créole Haïtien par Garry Moïse.

Kèk brase lide ke Garry Moïse prezante sou fason nou chak ka kontinye grandi antan ke moun epi antan ke lidè k'ap pwogrese.

LifeCultivator #AnNouGrandiAnsanm.

View Details

Every leader needs a mentor, especially emerging leaders. This episode discusses the importance of having great mentors.

View Details

Ankourajman pou etabli plis kolaborasyon ant sitwayen oubyen pwofesyonèl ki pa soti nan menm jenerasyon kapab pote plizyè gwo rezilta. Pami plizyè lòt, sa ka pèmèt nou: 1) fèmen twou vid ki genyen nan nivo ranmasaj konesans epi 2) kreye kominote [Ayisyen] ki pi solid, ki pi rezistan, epi pi efikas. Tanpri koute epizòd sa a ak anpil atansyon pou w ka tande kèk sijesyon sou sijè enpòtan sa a.

View Details

Nan epizòd sa-a, nou pale de kèk pami plizyè leson nan leadership ke yon dirijan nan nenpòt domèn ka aprann.

View Details

Nan epizòd sa-a nou prezante ba ou 6 gwo leson ke nenpòt moun ki ap dirije dwe mete nan tèt yo. Nou rele yo EPIS nesesè pou tout moun ki vle genyen repitasyon yon lidè ki efikas tout bon.

View Details

Nan epizòd sa-a, nou prezante kèk bagay ki ka ede yon dirijan rete yon moun ke tout moun fè konfyans.

View Details

Nan epizòd sa-a nou envite ou pou ou egzamine ki mwayen dirijan itilize pou yo ka koute epi reponn a bezwen moun ke yo ap sèvi.

View Details

Nan epizòd sa-a, nou ankouraje w' panse a fason ou kontre yon lòt moun ke li gen valè devan je w'.

View Details

Nan epizòd sa nou envite ou panse a kisa ou dwe fè pou ou pote amelyorasyon a plizyè aspè nan lavi ou. Rechaje batri lavi ou.

View Details

Lè ou mete yon ze ak yon pòmdetè nan dlo bouyi yo chak genyen transfòmasyon pa yo ke yo sibi. Ki leson sa ka bay nou chak nan lavi-a?

View Details

In this episode, we address some of the ways to deal with passive-aggressive behaviors.

Nan epizòd sa, nou pale de kèk fason yon moun ka jere konpòtman agresif-pasif yo.

View Details

Gen anpil fwa lavi-a konn genyen kèk sikonstans ki lakòz plan nou chanje. Nan epizòd sa-a nou envite ou reflechi sou fason ou ka relanse jwèt la; fason ou ka resantre balon-an sou teren lavi-a.

View Details

Nan epizòd sa-a nou fè yon rale sou kèk fason epidemi Coronavirus-la afekte lavi nou.

View Details

Kèk fason yon dirijan dwe jere sitiyasyon kriz ki afekte tout moun nan yon fason oubyen yon lòt.

View Details

Nan epizòd sa-a nou envite pran ti tan pou ou travay sou sa ki ka ede ou devni e rete yon lidè ki toujou efikas.

View Details

Nan epizòd sa-a nou prezante kèk pami plizyè karakteristik tout moun ki nan yon pozisyon dirijan ta dwe posede lakay yo. Bonne écoute.

View Details

What is your personal vision? What is your vision as a leader?
John Maxwell once said that vision attracts, challenges, and unites people.

View Details

Nan epizòd sa-a nou envite ou reflechi sou bagay ou chwazi kòm priyorite. Nou pale tou de kèk aksyon konkrè ou ka poze pou ede ou grandi chak jou. Ki desizyon ou pran nan lavi pèsonèl ou ki ap pèmèt ou pote yon kontribisyon pozitif nan anviwònman ou?

View Details

Nan epizòd sa-a, nou bay kèk konsèy sou fason ou ka jere plent moun ki pa satisfè de travay ou, pou kèlkeswa rezon yo ta ka genyen. Koute epi pataje.

View Details

Sa se yon epizòd spesyal kote nou fè yon prezantasyon brèf sou yon apwòch filozofik pou transfòmasyon lavi ki gen orijin li nan atizana Japonè.

View Details

Nan epizòd sila, nou bay kèk konsèy sou kijan ou dwe bay priyorite a chanjman ki nesesè yo nan lavi ou. Se pa yon sekrè pou anpil moun. Pou nou rive konnen yon nivo siksè nan lavi-a, nou dwe prepare tèt nou yon fason nou pa te janm konn fè sa avan. Sa rele chanjman. Koute rès epizòd la.

View Details

Lè sikonstans lavi sa-a pa nan fason ou ta swete yo, kisa ou fè? Ki fason konpòte w'? Kijan ou rebondi nan moman difisil yo? Kijan ou aji lè bagay yo pa an favè ou? Kote kimoun ou ale pou ou jwenn sipò? Koute epizòd sa-a ki envite ou reflechi sou plan stratejik ke ou ka devlope pou tèt ou. #AnNouGrandiAnsanm #GarryMoise #LeadershipCultivator #LifeCultivator

View Details

Sa gen 2 lane depi nou lanse emisyon sa. Nou di tout moun mèsi pou ankourajman ak sipò nou.

View Details

Nan epizòd sa nou pale de enpòtans sa genyen pou nou fè travay nou fè yo nan yon espri sèvis ak imilite. Asire nou ke nou ede yon lòt grandi tou. "Focus on the needs of those you serve." "Pa gen teke san piye. Ti papa al opa." Beethova Obas.

View Details

In this episode we address the importance of continuously investing time and resources in personal growth opportunities.

View Details

In this episode in Haitian Creole, we focus on the importance of taking note in general, particularly notes from social media interactions. Many people are just consumers on social media. Nowadays, social media should not just be a place to spend time online. Great things can happen if we are intentional. My main advice in this episode is to recognize the importance note-taking during significant social media interactions. I should work on an English version of this post (in writing) for those who speak a language other than Haitian Creole.

View Details

Encourage children, especially girls, to pursue the career of their dreams. Don't dictate. Don't discourage. Provide guidance. Their dreams/ideas can lead to concrete and amazing things that will be greatly beneficial to our world. #careerpreparation #careerchoices #carriere #careerexploration

View Details

Nan epizòd sa-a nou envite ou ale kreye yon "vision board" nan lang Anglè-a epi "Tableau de Visualisation". Yon zouti kibka pèmèt panse tout tan nan yon fason ki pozitif olye de negativ.

View Details

Nan epizòd sa-a nou envite ou reflechi sou kijan ou menm kòm dirijan ou trete manb ekip ou yo; moun ki fonksyone ansanm ak ou nan nenpòt. Di sa ou panse. Pataje ak yon lòt.

View Details

Nan epizòd sa-a, mwen envite ou reflechi sou enpak pozitif ou ka genyen nan mond sa-a apati de jan ou ede lòt moun amelyore lavi pa yo.

View Details

Mwen envite-w' fè yon ti refleksyon sou dosye de depoze CV epi rete tann lan.

View Details

Yon envitasyon pou ou rejwenn nou sou group "An Nou Grandi Ansanm" sou WhatsApp. Si ou enterese a sijè devlopman pèsonèl, lidèchip, jesyon, bizniz, etc... swiv lyen sa-a. https://chat.whatsapp.com/Bq7E5qRznVf3BtGcxYjOKu

View Details

Epizòd sa-a se pou envite ou fè yon refleksyon sou vizyon pèsonèl chak moun genyen. Ki rèv ou? Ki kote ou vle rive nan lavi-a? Koute. Reyaji. Aji. Pataje.

View Details

Anpil fwa nou kite sa moun fè ak sa yo di afekte relasyon pèsonèl nou ak Bondye. Mwen pataje ok nou istwa sa-a, yon fason pou nou reflechi sou sa ki pi enpòtan nan lavi spirityèl nou. Ke ou apateni a yon Legliz ou pa, li pi enpòtan pou ou fokis sou PAWÒL BONDYE pito. An nou pa swiv moun Legliz. An nou fè volonte Bondye pito.

View Details

Yon refleksyon sou efò pèsonèl nan kontèks yon nouvo ane ki deja koumanse.

View Details

Nan audio sa-a, mwen pataje, an Kreyòl, on rezime de 7 prensip ke Dr. Stephen Covey detaye nan liv sa-a ki te pibliye 1989: "7 Habits of Highly Effective People". Bonne écoute.

View Details

Men poukisa mwen vle brase lide ak ou nan emisyon entènèt sa-a. Mwen vle ede sila yo ki vle grandi, amelyore, pèfeksyone, oubyen epanouyi tèt yo nan fason entelektyèl, profesyonèl, spirityèl, etc... An plis de sa, mwen rete kwè ke nou ka aprann anpil nan men youn lòt.

View Details

Audio sa-a se jis pou entwodwi nou sou rezon ak objektif emisyon-an. P'ap gen on orè fiks pou emisyon-an. Sepandan w'ap ka jwenn aksè a tout epizòd yo nan kelkeswa lè ou monte sou sit sa-a.